Yon istwa inivèsèl pou espire jèn yo– Ketlie Camille

Getting your Trinity Audio player ready...

Reading Time 3 mins

24 jiyè 2021

Mpa kwè m te janm li yon liv an Kreyòl lè m t ap grandi Ayiti pandan ane 1970 yo.  Tout liv m te li yo te an Fransè. Kreyòl se lang nou te pale nan mache, nan lari osinon nan match foutbòl.  Ann Ayiti, yo konsidere moun ki pale Fransè tankou moun ki gen “bon jan edikasyon.” Moun ki te pale Kreyòl sèlman yo, yo pa t konsidere yo tankou moun ki edike.

Mwen te aprann pale Kreyòl lakay mwen ak nan katye mwen. Pandan tan sa yo, timoun yo te konn rasanble pou jwe ansanm, epi tou, pou koute istwa an Kreyòl, anba pye mango, lè lalin nan te byen klere. Ak kè kontan, natirèlman.

Lè mwen te pati kite Ayiti pandan ane 1980 yo, yo pa te konn anseye lang Kreyòl nan lekòl, paske gen Ayisyen ki pa te apresye kilti yo epi yo te pito pale lang kolon Franse yo te enpoze yo. Se poutèt sa mwen ankouraje lè m tande gen yon mouvman ki ap devlope nan peyi a depi kèk ane pou fè anseyman Kreyòl. Akademi Kreyòl Ayisyen an, se lidè ki ap fè efò pou eveye konsyans moun yo pou yo valorize lang manman yo

Mwen akeyi Ewo Olenpik: Istwa Lennox Kilgour nan kontèks efò ki ap fèt pou itilize lang Kreyòl nan lekòl yo. Liv ilistre sa a ap atire atansyon timoun ki soti nan diferan kilti, espesyalman paske li konekte espò ak leve pwa kòm kontèks pou rakonte istwa. An plis tou, travay sa a ap kontribye nan efò pou fè lang Kreyòl ateri nan lekòl yo, paske se yon liv lekti ki apwopriye pou timoun.

Mwen ta byen kontan wè plis liv timoun ki soti nan Karayib anglofòn nan, tradui an Kreyòl epi liv an Kreyòl tradui nan lang Anglè.

Doktè Joanne Kilgour Dowdy

Ewo Olenpik te ekri nan lang Anglè epi Sony Ton Aime te tradui li an Kreyòl. Otè orijinal liv la, Doktè Joanne Kilgour Dowdy, se espesyalis nan alfabetizasyon ak nan metòd rechèch, nan Inivèsite Kent State, rakonte istwa yon jèn atlèt ki espesyalize nan leve pwa, Lennox Kilgour, nan peyi Trinidad & Tobago. Atlèt la simonte anpil difikilte men, gras ak sipò kominote a, fanmi li, zanmi li ak antrenè li, li rive ranpòte yon meday bwonz pandan konpetisyon olenpik 1952, nan vil Helsinki, peyi Finland,

Se Dillon Seda ki te kreye bèl ilistrasyon yo ki nan liv la, ki fè liv la atiran ni nan lang Anglè, ni nan lang Kreyòl. Lektè yo ap aprann sou defi, fyète ak detèminasyon pou ranpòte laviktwa Lennox Kilgour te genyen ki fè li te vwayaje nan bato pou li al fè konpetisyon byen lwen, nan lemonn.

Pou ilistre defi yo, otè a ekri:

Rame, Rame
epi vwayaje
nan bato
soti Trinidad
rive Canada.
Dlo, Dlo
toupatou
Lam lanmè antre
nan twou fenèt yo
mouye atlèt yo
nan kabann yo.

Estil ekiti a trè vizyèl epi fasil pou jèn lektè li pandan yo ap apran leson lavi a. Leson sa yo transparan gras ak estil ak estrateji otè a itilize pou konstwi istwa a.

Alò,
mal bato,
enstabilite
pou kanpe
finalman
yo touche tè Quebec.

Mwen apresye liv la paske otè a fè nou reyalize ki jan Kilgour te gen konfyans nan tèt li. Konfyans sa a ak devosyon li mete pou li atenn objektif li, tout sa ba li kouraj ak motivasyon ki fè li rive chanpyon nan leve pwa. Istwa a fè m kenbe souf mwen epi ap mande tèt mwen si li ap rive jwenn siksè, ak tout difikilte li te oblije andire yo. Elegans, dwate ak pwezi se estrateji otè a mobilize pou rakonte lit ki te genyen nan lavi Kilgour.

Gour kontinye
travay
sou fòm li …
sans rete
17 an,
san pwoblèm
san enkyetid
antrenè yo
toujou
pouse
ankouraje
souri
pou li kapab
briye
briye
briye

_ _ _ _ _ _ _ _ _ _ _

Moun ki tradui atik sa an Kreyòl se Fequiere Vilsaint.
Klike la a pou kòmande Ewo Olenpik osinon la a pou lòt liv otè a ekri.

_ _ _ _ _ _ _ _ _ _ _

Ketlie Camille se yon enfimyè, edikatè nan yon lopital nan vil Brooklyn, NY. Anplis li se volontè nan yon òganizasyon kominotè debaz ki ap prepare moun ki vle pase tès pou yo ka gen  sètifika èd-enfimyè.

 

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

1 + 5 =